ANN CHANTE KREYÒL
- Publié le: 2022-03-18 01:33:36
- Spectacle
- Par Oriol Antoine
YON TALAN SE YON DON KI DWE EKSPOZE. Pou nou, elèv lekòl ki anvi montre talan nou, ANN CHANTE KREYÒL se yon evènman ki dedye ak ou. Nan objektif pou valorize lang kreyòl ayisyen an, atis ayisyen nou yo ak pwofite menm okazyon an pou montre valè jèn talan ki gen nan komin kafou an, L'ORIOL PRODZ ak AYITI EVENT lanse yon konkou chante ki rele ANN CHANTE KREYÒL. Se yon konkou chante pou elèv lekòl ki nan NS1 rive NS4 ki nan komin kafou ak nan anviwon an. Prestasyon oubyen entèpretasyon yo dwe an kreyòl ayisyen ak yo sipoze se zèv atis ayisyen. Ou lekòl ? W ap fè klas NS1, NS2, NS3 oubyen NS4 ? Ou konn chante, ou bezwen yon espas pou w montre potansyalite w ? Ebyen n ap tann ou vin patisipe ak nou. Enskripsyon yo ap fini 8 avril. Konkou an ap kòmanse 22 avril pou l bout 17 jen. RANPLI FÒMILÈ SA POU N KA PASE NAN LEKÒL OU A.